Pati rasin kan pèp la salye memwa Che Guevara

Pati RASIN Kan Pèp La ap wete chapo l pou salwe memwa youn nan pi gran revolisyonè ki make 20èm syèk la : Ernesto Guevara, CHE. Yon potorik gason, yon modèl revolisyonè, yon entènasyonalis ki t ap batay men nan lamen ak tout Pèp soulatè k ap goumen kont dominasyon enperyalis yo e k ap chache libète ak emansipasyon.

Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf (Pati RASIN Kan Pèp La), mande tout militan lagoch nan peyi d Ayiti, espesyalman manm pati a « pa dòmi bliye 50èm anivèsè ansasinay CHE Guevara ». Se yon devwa tout miltan lagoch yo genyen pou salye memwa gwo pye mapou sa a, CIA ak lame Bolivi te rache pou (kraze) tenyen, touye) dife revolisyon ki t ap limen nan Amerik Latin lan. N ap kontinye pote drapo flanbo konba anti-enperyalis la kòm senbòl pou nou pa janm dòmi bliye wout CHE Guevara deja trase pou mennen nou nan revolisyon sosyalis la.

Pou memwa ak pou listwa jèn yo, n ap raple militè Bolivi ak ajan CIA, te arete CHE 8 epi yo ansasinen li 9 oktòb 1967. Se konsa, 9 oktòb 2017 la, fè 50 lane depi etwal liberasyon an file desann nan fon lanmè. Yon jenn gason ki te genyen 39 lane sèlman. Men, ki te deja ranpli youn nan pi gwo misyon istorik yon revolisyonè genyen « ki se fè revolisyon ». Se konsa, nou te jwenn CHE akote Fidel Castro nan tèt revolisyon Kiba a an 1959. Aprè plizyè lane travay pou ranfòse kapasite rezistans peyi Kiba kont agresyon enperyalis ameriken, li te pati al patisipe nan konba revolisyonè nan kontinan Afriken an ak nan Amerik Latin lan. Se nan kontèks sa a, li tonbe anba bal militè kriminèl Bolivi ak ajan CIA peyi Etazini.

Se vre, 50 lane aprè ansasinay CHE, enperyalis yo kontinye ap kraze brize. Sistèm kapitalis la kontinye ap detwi lavi sou planèt tè a e ap domine Pèp yo pou kontinye akimile kapital. Nou bezwen etidye lavi ak konba Che Guevara yo pou nou gen plis fòs pou defann lavi devan lojik lanmò sistèm kapitalis la. Nan sans sa a, Pati a wete chapo devan kouraj ak konviksyon revolisyonè yo nan peyi Kiba, Venezyela, Bolivi ki montre, pèp yo kapab mete men pou koumanse konstwi yon lòt sosyete, jan CHE te toujou kwè sa. Se poutèt sa, li t ap batay pou rèv sa a te tounen yon reyalite. Pati a mande pou tout moun apiye e defann revolisyon kibèn lan, revolisyon bolivaryèn lan ak tout efò pozitif k ap fèt nan peyi Bolivi. Pati RASIN Kan Pèp La, pwofite salye gouvènman Evo Moralès nan Bolivi k ap make 50èm anivèsè lanmò CHE, epi ki mete yon gwo estati nan dimansyon potorik gason sa a. Jès sa a antre nan liy entènasyonalis ki te youn nan mak fabrik lavi Che Guevara. Se nan sans sa a, li te lanse yon apèl entènasyonal pou genyen plizyè Vyetnam nan mond lan pou goumen kont enperyalis yo. Che Guevara se yon gwo patrimwàn pou lagoch mondyal la, lide li yo ak konba li yo chaje ak leson pou tout revolisyonè jodi a. Nan lane 1967, te gen yon lame Bolivi ki te chaje avèk kriminèl ak ansasen, jodi a tout Pèp Bolivi a ap onore memwa CHE Guevara.

An Ayiti, n ap make 50èm anivèsè lanmò CHE, nan yon moman kote mas popilè yo revòlte kont bidjè kriminèl Jovenel Moise, Jack Guy Lafontan ak palmantè tèt kale ak alye yo.

Pati RASIN Kan Pèp La, prete vwa CHE pou n mande rès depatman yo limen boukan mobilizasyon pa yo, pou n kapab rive nan soulèvman jeneral tout peyi a, pou fòse gouvènman retwograd sa a, bay demisyon l, jan Pèp la mande sa.



Marc-Arthur Fils-Aimé Camille Chalmers
Sekretè Jeneral Potpawòl

Share this post